Me pou ki sa ayisyen-ameriken kap viv nan Vil Oakland Park nan Florid, dwe vote Dr. Kedner Maxime

1,870

11-05-2022

Oakland Park, Fort Lauderdale, Floride_____(TRiboLAND) Rev. Dr. Kedner Maxime, se yon non ki define yon pakou enpresiv ki jalone ak siksè. Kòmanse nan biznis prive, jous rive nan vokasyon eklezyastik e ale devire sou entè-aksyon sosyàl pozitiv li ak sitwayen parèy li, se yon veritab rekò. “Asiste sa yo kap viv nan sitiyasyon meprizab”, se youn pami pwen fò Dr. Kedner Maxime, yon pitit lakay ki detèmine pou kreye yon enpak konsiderab nan asiste popilasyon ayisyèn amerikèn an kap fè fas ak yon varyete defi majè nan Vil Oakland Park nan Eta Florid.

Aprè plis pase plizyè deseni, se yon ekip lòt antite ki te toujou chwazi inyore yon prezans kominote ayisyèn nan Vil Oakland Park. Yo fè tout kalite demann sou tèt yon kominote ke yo mete akote nan sa ki gen pou wè avèk sèvis lojman ak devlopman ekonomik pou site sa yo sèlman. Nan vizyon leadership li ak nan sousi patriyotik li, Dr. Kedner Maxime franchi yon etap sekouris pou enpoze yon prezans ayisyèn nan mitan Minisipalite Vil Oakland Park la kòm candida pou pòs “City Commissioner”.

Maxime, yon karaktè trè avize, yon leader emèje ki boure ak konpetans administrative ki kapab delivre! Li menm ak tout fanmiy li pase plis ke yon trantèn lane ap bay sèvis nan yon kominote ki toujou sou kè yo. Fòmasyon ak abilite pou artikile bezwen kominote ayisyèn nan, dote sèvitè Bondye a yon ekselan kadran kandidati totalman kalifye an matyè leadership, administrasyon ak devlopman sosyo-ekonomik.

Natif natal vil Pòdpè a, jwen andòsman plizyè òganizasyon aktiv ki kwè nan pote amelyorasyon nan byenèt sosyàl kominote ayisyèn nan. Òganizasyon tankou: Save Action Pac, Vote for Pro-Equality Candidate, The Latino Vote, One Haitian Vote, Florida Immigrant Coalition (FLIC) ak State Rep. Marie Woodson, yo tout fè kolònn pou di: “AN AVAN MAXIME”.

Nou tout nou konnen ke vote, se yon dwa ke’w genyen pou chwazi kandida ki fè’w plezi a. Men, èske ou ka vote nenpòt kòman? Oubyen nenpòt kijan? Èske ou ka vote sou koulè po? Oubyen paske yon moun se fanmi ou? Oubyen paske nou sòti nan menm pati politik? Asireman repons lan se non.

Konsa nan sans sa a, li enperatif pou vote yon moun ki kapab reprezante ou konvenableman.Yon moun ki genyen yon sans responsablite, yon vizyonè avèti e ki kwè agresivman nan enplemante enfwastrikti kominotè. Nan sans sa, Dr. Kedner Maxime, se plis yon referans ou yon pasaj oblije ki kapab delivre pou yon kominote meprize.

Eleksyon an deja demare, dat limit lan, se pwal madi kap 08 novanm 2022 kap vini la a. Let’s Go! Fè Kolònn e Vote Dr. Kedner Maxime Rèd Mare! Kidonk, “pye bèf pou pye bèf nap pwan’l kay pwatik”.

Staff TRiboLAND


Comments are closed.