Gro lapli kap tonbe san rete sou depatman Grandans lan deja fè dega materyèl.

1,092

06-04-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Premye jwen a 30 novanm 2023, se peryòd move tan. Depi jou kite jedi 1e jwen 2023 a lapli komanse tonbe san rete jouk nan moman nap pale a nan 14 komin depatman Grandans lan.

Bilan pasyèl anpil zònn inonde yo, gen anpil pou wè avèk deboulonnay tè ou glisman tèren, wout fouye pasi pala, anpil tèt zannimo ale nan rivyè, jaden detwi, kay kraze, pon ki fenk konstwi sou rivyè Grandans lan andomaje. Pon sila, nap raple ki koute leta ayisyen 3 milyon e kèk dola ameriken ke Bank Mondyal finanse, ki pat janm fini akoz travay gabyonaj pou proteksyon pon an pat janmen realize.

Nan moman sa, sikilasyon an totalman enposib, Annatandan travo piblik fè yon evalyasyon teknik sou pon tou nèf lan ke premye minis premye ayisyen doktè Ariel Henry te inogire nan mwa dawout 2022 an.

Ki donk popilasyon an nan Jeremi kou res komin depatman Grandans lan, lanse yon SOS bay kominote entènasyonal lan, gouvenman anplas la, konpayi Ekoma, pou entèvni rapid pou pita pa pi tris.

Nap raple, pon an se prensipal moyen ki bay aksè a sant komèsyal lan Jeremi, plis lot komin tankou, mafran, Mowon, Chanbelan, Dam Mari, Anzdèno, Lèziwa, Bonbon e Abriko.



Comments are closed.