Gouvènman defakto Ariel Henry a anonse yo pral aktive Sant Operasyon Ijans yo nan tout peyi Dayiti.

1,188

06-03-2023

Pòtoprens,Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès li bay jounen samdi 03 jen 2023 a, gouvènman defakto Ariel Henri a, anonse yo pral aktive majorite Sant Operasyon Ijans ki nan chak depatman jewografik peyi a, yon mannyè pou fè fas kare ak sezon siklòn nan ki deja kòmanse depi nan dat premye jwen ki sot pase a.

Nan moman konferans lan, premye Minis prezidan tout plim tout plimay la, Ariel Henry ki tap depoze, fè konnen, gouvènman lap dirije a, pral chita pou evalye kantite dega ki fèt yo, epi pote yon solisyon apwopriye.

Ariel, ansanm ak plisyè reselè nan gouvènman’l lan, jwen anpil kritik. Anpil moun doute sou pawòl PM ke yo pa toujou kadre ak verité, paske anpil nan sant operasyonèl yo pa reyèlman genyen kichòy ki kapab asiste moun. Se yon seri sant ki senpleman la sou non!

Comments are closed.