Bejenn fè Pòtopwens yon pwopozisyon yon fason pou li izole Tywann

0 342

 Nan yon entèview ke li bay younn nan jounal peyi Dayiti semenn pase, Wang Xiangyang ki se alatèt biwo komèsyal ak devlopman pou Lachenn an Ayiti, mete sou tapi yon pwopozisyon ke Lachenn ta pare pou fè a Ayiti, si tout fwa Pòtopwens ta anmezi pou anbwase pwensip Lachenn nan.

Ayiti se youn pami 17 peyi ki toujou kenbe relasyon diplomatik avèk peyi Tywann. Nan kad kanpay peyi Lachenn ap mennen depi 3 lane yon fason pou ankouraje lòt peyi kraze yon kite sa ak Tywann, chinwa yo pa manke atire anpil peyi ak pwojè “Belt and Road Initiative” la ke yo enplemante nan yon pakèt peyi atravè monn lan.

Antouka, selon Mesye Xiangyang, Lachenn ki se dezyèm peyi ki gen pi gwo ekonomi nan monn lan tou pare pou yo ta etabli koneksyon nòmal peyi-peyi ak Ayiti yon fason pou amelyore koperasyon nan nivo politik, ekonomi ak komèsyal, ijyènn piblik, edikasyon, e pwè konsesyonal ak san enterè, dapwè Mesye Wang ki rete kwè ke estati Lachenn kòm manm pèmanan nan òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, jwe yon gwo wòl enpòtan nan Afè Entènasyonal. Sepandan, pa gen oken enfòmasyon ki ta jistifye pozisyon gouvènman Dayiti fas a yon parèy pwopozisyon.

Nan lane 2017, peyi Panama te kraze yon kite sa ak Tywann pou devlope yon lòt patenarya diplomatik avèk Lachenn; konsa, nan kad pou Lachenn te etann enfliyans ekonomik li, Panama te benefisye yon pwè ki te estime $3 bilyon dola US ak asistans finansyè bò kote nouvo patnè-a.

Nap raple ou, Lil Solomon yo ki nan zònn Sid Pasifik la ki se yon asosye Tywann, se youn pami taget peyi Lachenn yo tou.

Leave A Reply