Pou louvwi sezon syklonik la, responsab yo nan Grandans bay yon konferans pou laprès e oganize yon karavann.

1,005

06- 01-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sòti premye jwen 2023 a pou rive 30 novanm 2023 a, se komansman sezon siklonik lan peyi Dayiti.

Nan jeremi otorite konsène yo tankou delege depatman AI Grandans lan, Louissaint Cezar, direktris proteksyon sivil lan, Christine Monquellee, direktè depatmantal Grandans lan, Jean Louis Paul Menard, majistra komin Jeremi an, Claude Harry Milord bay yon konferans deprès pou alète popilasyon an danje ki kapab genyen pandan peryòd premye jwen an jiska 30 novanm 2023 an.

Espesyalis yo nan kesyon move tan, prevwa yon dizènn siklonn ke meteo anonse ki kapab pase an Ayiti. Deja, anpil siyn montre deja genyen gro lapli kap baleye plisyè komin nan depatman Grandans lan.

Nan kad lansman ouvèti peryod siklonik lan, tout estrikti prive kou piblik depatman Grandans lan te reponn prezan nan sant operasyon ijans lan, e yo fè yon karavann sòti nan Jeremi pou al bout nan komin Bonbon jis pou komanse sansibilize popilasyon an sou danje yo.

Comments are closed.