Komisè Muscadin voye jete byen lwen, tout rimè ki ta fè kwè yo transfere’l Jakmèl.

896

06-01-2023

Miragwàn, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde bay laprès jounen jedi 1 jwen 2023 a, komisè gouvènman pakè Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, kalifye matrakaj, tout swadizan enfòmasyon, ki ta vle fè kwè li transfere nan yon lòt jiridiksyon.

Pou chèf pakè Miragwàn nan, li toujou pale ak Minis Jistis la, men, li pako janm resevwa yon mesaj konsa ki ta mete aksan sou yon evantyèl transfè.

Komisè Jean Ernest Muscadin ki tap pale fè konnen, rimè kap kouri yo se swa, pou panike popilasyon an, swa pou teste nivo solidarite pèp la ak li, oubyen pou detounen zye pèp la. Kidonk, pou komisè a, sèlman endistri fabrikasyon pawòl yo, ki konnen rezon rimè yo.

Pwomèt lap kontinye trake bandi, komisè gouvènman pakè Miragwàn nan fè konnen, “Li pap fè back”, e lap kontinye travay pou popilasyon an.

Comments are closed.