Refleksyon Sabatik: Haïti ap vanse sou wout liberasyon !

186
0
Share:
TRiboLAND

Vle pa vle; wè pa wè; Ariel Henry tou fini ak opozisyon an. Koulye a, teren lib pou Jovenelis yo ak Matelis yo batay. Mwen te pran san m aprè peyi lòk 6, 7 Jiyè 2018 pou m te eksplike tout nèg k ap fè politik fatra ann Haïti; politisyen kou nèg ki kontwole aktivite lajan nan peyi a, nou rive nan yon fen kote pral gen yon renesans. Nèg ki pi entèlijan yo kontakte m pou yo aprann plis ; e mwen te eksplike yo.


Jovenel Moïse se dènye Prezidan eli Haïti konnen. Menm lè w ta wè yo fosè fè eleksyon; se nad marinad. Epi ; m ap tou avèti nou; 90% moun ki pral kandida alaprezidans la se masisi pedofil. CORE GROUP la ap fè yon dènye tantativ pou rekipere bagay yo; men se fo mouvman. Lè moun ki pran pòz pwofèt yo ap di pral gen anpil moun k ap mouri; Haïti pral chanje; anpil ladan yo pa konprann mekanis chanjman sa. Koulèv sou bitasyon pap ka bay nèg pouvwa ankò. Si nou kwè m manti; mande Moïse Jean Charles ak Augustin Saint Cloud. 


Prezidan Jovenel Moïse kite yon blòk nòt kote misye dekri an detay tout eksperyans li fè soti nan Chanm Komès Twou Di Nò; rive 7 Jiyè 2021, jou yo ansasinen li. Jovenel fè yon sèl erè, e se sa ki voye misye ale pi rapid; misye te koute yon bann malfektè ki t ap ankouraje li rantre nan biznis fè sakrifis moun. Desten rete desten. Yon nèg gen pouvwa pou l modifye desten li yon sèl fason : si li anbrase Limyè, kite fè move zak. Ou te mèt konsilte e peye tout gwo majisyen ki genyen ; ou pa fouti efase dèt kamik ou.


Anvan ansasinay Jovenel Moïse ; gen bagay kèk etranje ak gwo majisyen te konn ap di m sou Haïti mwen pot ko vle kwè; men se aprè lanmò Jovenel Moïse, mwen rann mwen kont pwofesi yo ap akonpli. M ap bay ti jeunes yo, sitou sa k panse y ap fè politik yo yon poul: depi se moun k ap klame yo kontan Jovenel Moïse mouri e k ap krache sou kadav li, tout gen pou yo konnen yon fen trajik. Gen yon fenomèn ki pral rive : anpil moun pral temwanye sa ki te pase nan dènye 30 tan sa yo ; sitou nan peryòd Prezidans Jovenel Moïse la; y ap bay tout verite ki te kache. Pa gen moun k ap akize bandi legal ak kriminèl; se yo k ap di ak bouch yo sa yo fè ; e ki sanksyon yo merite.


Gen yon bagay Haïtiens koumanse konprann : gen yon konplo moun ki di yo elit peyi a rantre ladan l ak etranje; e se frap sa n ap pran depi apre sansinay ki fèt sou Anperè a. Pèp la ap swiv. Dechoukaj k ap vini an, se tankou yon boulvari van ki pral soufle ; yon veritab van tanpèt ki pral desounen kèk moun e k ap fè sa k te zonbi yo reveye. Pa gen kote yon bandi legal ap kache pou yo pa jwenn ou. Nou mèt gen milyon ki sere ; depi se sou do pèp la nou fè yo; n ap vomi yo. Pap gen machann mikwo ki pou defann bandi ; pap gen òganizasyon Dwazimen k ap la ni oze pran chans pou defann kriminèl. Se ann Haïti moun tou pa tou sou latè pral konprann sa k yon demokrasi reyèl, sa k vrè lajistis ki san fòs kote. 


Lanmò ansasinay Jovenel Moïse ki pat yon inosan ; men ki aksepte sò li ak kouraj ; se finisman tout te tentennad bandi t ap fè depi 1806 anndan peyi sa. Pa kite se visye ki fè w pèdi gras ou. Gen yon verite ki absoli nou dwe konnen, repete li tout tan: gen yon KREYATÈ ki kreye Linivè e li pa nan patipri ; li bay chak moun chans yo; e li bay chak moun yon zouti ki rele konsyans pou yo konekte ak li. Gwo palto masisi pedofil nan monn sa mèt fè sa yo vle ; yo pap fouti kraze latè ni detwi moun ki dwe rete vivan. Si w Haïtiens, ou pa kwè nan lanfè ak paradi ; ou dwe fè yon ti chita pou w reflechi. Si w Haïtiens, ou di dyab pa egziste ; ou dwe fè yon ti vwayaj konsyans pou w wè si w pa zonbi. 


Nan eksperyans pa m kòm nèg ki gen yon ti konpreyansyon sou Labib ak metafizik ; pa janm gen yon peyi sou latè ki gen otan nanm malveyan e ki sakaje menm jan ak Haïti. Labib toujou di ; se moun ki pwòch ou, moun ki konnen w, moun ou fè konfyans k ap leve kont ou. Se yon reyalite n ap viv la ann Haïti. Pa koute nèg k ap envite w rantre nan politik ni rantre nan sèk okilt nan moman yo la. Haïti sou bouton otomatik; l ap rive kote l dwe rive a. Lè bandi yo reyalize tout bon vrè y ap peri pou mechanste yo fè ; y ap mande anraje, y ap pase men pran tout sa ki fèb. Nou wè ak ki rapidite kèk gwoup leve kanpe pou manje tou kri Minis Enteryè a ; he byen, mande tèt nou sa k fè moun sa yo ap jwe ak lavi malere ak malerèz yo mete nan esklavaj fòse. 


Labib di; Ellen Gould White reprann menm pawòl la nan liv “Tragédie des Siècles”: mechan yo tout kote; men nan tan lafen an, y ap rasanble menm kote. Kit ou se Vodouyizan, kit ou se Pwotestan, kit ou se Katolik, kit ou nan Lekòl Mistè tankou Franmasonri ; gen yon verite ki kenbe : se moun ki onore Lavi ak Renmen ki nan Verite. Se mache kontre Renmen ak Lavi k ap bannou yon lòt peyi. Lanfè a pa lòt bagay ke rayisman ak mechanste ; Paradi a pa lòt bagay ke kè nan men, solidarite ak renmen. Tande zanmi; pa janm bouke fè byen; pa fè moun abi; pa fè mal pou w ka defann klan pa w. Tout moun fèt ak yon zouti regilatè yo rele konsyans ; se li ki pèmèt ou konnen si w nan fènwa ak si w nan limyè. Ou mèt gen sèlman Dis Kòb Konsyans ; li ka pèmèt ou wè klè.


Tripotay la fini ; pale anpil la fini : mechan yo ap mache kontre ; bon moun yo ap mache kontre. Pa kite moun fè w anbrase fatalite kòmkwa anyen pap chanje sou latè, ou kondane pou w viv sou fatra. Anpil bandi atake Labib poutèt yon sèl rezon: yo pa ka efase mòdlavi santibon Kris la pwone. Nou toujou di li ; e n ap repete li chak jou : se imoralite, mank etik, feblès espirityèl ki fè n ap soufri nan monn nan; sitou ann Haïti. Moman an rive pou moun ki nan limyè kanpe ak lanp yo nan men yo pou pouse fènwa fè bak !


Pa gen sekrè nan fè kola : sa w fè, se li w ap wè! Menm baton ki bat chyen nwa a, se li k ap bat chyen blan an; pa gade sou diskou, gade sou zak moun ap poze. Malfektè a gen yon jan li ye; moun ki nan limyè a, gen yon jan li ye. Lit pou liberasyon peyi Dayiti makonnen ak lit kont imoralite, vye vis sal kou fè masisi, mank etik, fè tout kalite kòripsyon. Sonje ti pawòl sa: L’habit ne fait pas le moine.
Bon Sabbat !

Namaste! Shalom !
Kerlens Tilus      10/22/2021snel76_2000@yahoo.comTel: 631-639-0844

Share:

Leave a reply