Nòt polisye ki fwistre yo nan Nòdwès

906

Vendredi 14 avril la nan imigrasyon Pòdpè a, gen yon gwo eskonbrit ki pase ladan’l, kote gen 2 polisye ki ki tonbe nan altèkasyon: youn se polisye krèm e ble e lòt la se yon UDMO.

1. polisye krèm e ble a te akonpanye madanm li ak pitit li ki gen 5 mwa ki te vinn fè paspò.

2. polisye UDMO a te nan sekirite imigrasyon a.

Konsa, polisye krèm e ble a te gentan tou pre pou li al fè foto, sepandan mesye UDMO a deklare pou tout moun deyò; men polisye krèm e ble a ap swiv ki sa yap fè, li di mesye: “aprè moun ki devan an se mwen ki pral pase, paske m gen plisyè jou map mache la, lòt polisye UDMO a di’l lap fè-l soti jan’l vle si se pat bon sitwayen ki te anndan an anpil dezòd tap fèt.

1. popilasyon pa ka fè paspò paske se polisye sa yo ki gen redevans e ki responsab imigrasyon an.

2. imigrasyon te konn voye 20 kat pou polisye al fè paspò. DDNO sèlman pran 10 kat e lòt 10 kat yo polisye yo pa ka jwen pou yo ede fanmi yo fè paspò, tandiske kat sa yo se nan men sivil yo jwen yo.

Polisye fristre yo, santi yo wont lè yap tande Agenord, responsab imigrasyon sèvis la kap rele sou polisye yo; tandike se yon group polisye UDMO kap jere antre imigrasyon an nou konnen ki se ajan spesyal DDNO yo ye, se sak fè nou pran laprès pou n fè responsab imigrasyon an konnen nou se anplwayè tankou-l menm si nou vinn pran sèvis an inifòm pou al imilye nou devan madanm, manman, frè, sè, pitit nou, papa nou, zanmi nou; menmsi se peye li peye DDNO ak ti group nèg ki nan UDMO yo, se tann nap tann rès polisye ki nan tout kwen Nòdwès la pou yon dènye chita pale, yon fason pou nou montre Agenord ke nap fèmen imigrasyon an nan men’l si se bal pou nou voye nap voye’l ak group nèg li yo.

DDNO pran responsablite’w pou sa pa pi tris. Kòm ou pa kapab trete dosye polisye ki an konfli ak group nèg UDMO ki devan imigrasyon an; konya nap pran responsablite nou kòm polisye pou yo respekte dwa nou kòm anplwaye Leta ki vinn achte sèvis nan biwo Leta.

Si nou ki gen yon inifòm ak zam nan men nou, polisye parèy mwen yo ke nap maltrete, rale zam sou polisye parèy yo; e popilasyon an, ki yès moun ki defans yo?

Antouka, polisye fristre yo mande responsab imigrasyon an ak tout DGI a, pran men yo. E nap propoze yo yon jou espesyal pou polisye ka fè paspò yo, e jou sa pa di nou pa gen sinyal. Nou mete nou byen ba, pou yo pa di se polisye ki vinn fè dezòd. Konya nap revandike dwa nou e se devwa sitwayen nap ranpli kòm sitwayen ayisyen e nap toujou rete anba deviz PNH la ki se proteje ak sèvi.

Mesi ak tout jounalis konsekan kap klere je popilasyon!

Comments are closed.