Gwo bato “USS Arlington” peyi Etazini pwàl pote sekou bay viktim gwoudou gwoudou yo

1,675

08/21/21

Pòtopwens______(TRiboLAND) Rayi chyen di dan li blan! Pami yon latriye peyi ki manifeste panchan yo pou bay peyi Dayiti jarèt asistans nan moman kalamite sa yo ki djak sou djak, li difisil pou yon moun sou estime anpil jefò egalman bò kote peyi Etazini ki pa limite soutyen li fas ak sitiyasyon pèp ayisyen an nan jou sa yo.

Yon lòt fwà ankò, dapwè yon tweet ke anbasàd amerikèn ki nan Pòtopwens mete deyo yè samdi 21 out 2021 an, viktim gwoudou gwoudou yo pwàl resevwa nan jou kap vini yo pwezans gwo tonton bato USS Arlington nan, nan dlo sale peyi Dayiti.

Pwezans bato manman penba USS Arlington nan pwàl fasilite deplwàtonay operasyon imanitè ak pote sekou yo, yon fason pou akomode sa yo ki sinistre nan gwoudou gwoudou 14 out 2021 an ki demantle Gran Sid la. Konsa dapwè anbasàd la, tout bwàs sa yo ap fèt atravè Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID).

USS Arlington ap genyen abò li plis pase 200 marin dlo sale ki genyen yon inik objektif ki se sove lavi ak soulaje soufwans pèp ayisyen an nan yon moman ki si difisil, dapwè sa anbasàd la ekri apwopo kòmandan ou kapitèn bato a, Eric Kellum.

Comments are closed.