Peyizan ak peyizàn MPP yo debake sou fèm papay la ak tout fòs pou mete bout nan degèpisman yo.

1,339

Mouvman ti Peyizan Papay nan 3è seksyon kominal Ench ap ranfòse baz yo chak jou pi plis pou retire tè yo anba degèpisman PHTK.

03-13-2023

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen lendi 13 mas 2023 a plizyè santèn ti peyizan kap pouse mouvman Papay la, debake sou fèm Papay ki lokalize l nan 3è seksyon kominal Ench Agwayedjonn nan riv dwat.

Fèm Papay se yon espas tè leta ki nan zòn yo rele Basen Bèf, kote plizyè fanmi te jwenn yon akò ak leta ayisyen depi plis pase 80 lane.

Nan lane 2020, bandi legal PHTK yo te debake ak gwo zam fann fwa nan men yo, kote yo te kraze kay, kraze jaden, tiye epi vòlè divès bèt peyizan yo.

Asasen kriminèl moun tèt san cheve sila yo, nan dat la te tchoule peyizan yo mete yo deyò sou tè a, avèk konplisite kèk gwo palto kòriptè tankou : Notè, Avoka ak Apantè, ki nan aparèy jistis la ak administrasyon Leta a, patikilyèman nan komin Ench.

Jodi lendi 13 mas 2023 a, peyizan yo leve kanpe pou di ‘Fout non, Non, yo bouke anba tout fòm represyon, degèpisman fòse ak zak asasinay Bandi Legal PHTK yo.

Comments are closed.