2,000 se kantite kandida ki retni pou al pase egzamen pou FADH.

10/10/2026
Pòtopwens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kominike FADH mete deyò jounen vandredi 09 2026 lan, yo konvoke 2,000 sou 17,522 kandida ki te enskri, kandida sa yo dwe al pase egzamen medikal, fisik, sikoloji ak entèlektyèl.
Selon responsab FADH yo, seleksyon ap fèt toudepan kote kandida a soti. Genyen yon minimum 30% fanm enskri nan kad pwosesis la.
Kandida ki angaje yo nan yon seri aktivite kominotè ou anviwonmantal ak sila yo ki genyen konpetans teknik ak pwofesyonèl kapab benefisye yon atansyon patikilye daprè responsab yo nan Fòs Ame Dayiti.
Toutfwa, nan kad pwosesis rekritman an, se 700 kandida ki pral genyen pou entegre sant fòmasyon Fòs Ame Dayiti (FADH).






