TAFA PLUS PRODUCTION reyisi yon inyèm aktivite nan okazyon fèt manman yo

1,163

05-28-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Aprè reyisit plizyè aktivite nan lane 2019 ak 2020 nan okazyon fèt manman, ki te oblije kanpe avèk vag kowonaviris nan mond lan, TAFA PLUS PRODUCTION retounen ane 2023 pou bon.

Sou bakòp divès pèsonalite nan vil Pòdpè, tankou : Me Rock Clavaroche, Me Rambo, Paul Élie Faustin, Me Ralph Moreau, Cadet Ductan, Gener Matériaux de Construction, pou-n site sa so sèlman, TAFA reprann flanbo eritaj li ou seremonyèl li nan selebwe “Fèt Manman”.

Aktivite TAFA yo dewoule atravè yon gran Gala ki te gen pou tit “Tout Manman se Manman”, yon fason pou kontinye valorize manman yo ki se veritab pilye nan fanmiy yo. Anviwon 10 manman ki te soti nan divès katye popilè te benefisye 2,500 mil goud ak divès lòt ankò ki pat peye yon goud Lesko pou vin distrè yo nan yon parèy kokennchenn sòlòkòtò.

Divès group ki te patisipe nan aktivite 18 me yo te reponn prezan pou te danse ak chame manman yo an gran panpan. Aktivite manman yo nan okazyon an, ap genyen pou franchi yon lòt etap. TAFA Plus Production ap limen projektè li jous nan nan prizon sivil Pòdpè a, kote ekip la pral pote yon seri kit ki an preparasyon pou manman yo kap malmennen pandan ke yo enkasere.

Antouka, tout manman se manman; manman yo se poto mitan fanmiy yo; konsa, yon parèy mouvman pap kanpe e detèmine pou kontinye bay manman yo valè ki pa negosyàb, pandan TAFA ak toujou pataje tout sa yo genyen gras ak sipò tout kolaboratè nou yo.

TAFA PLUS kase randevou lòt ane ak tout manman yo, nan lide pou ofri yon lòt sòlòkòtò kap pi grandyoz!

Comments are closed.