Lekòl Sen Pòl klotire ane akademik la ak yon bèl aktivite kiltirèl

289

10\03\20

Mòn Lopital, Sen Jid_____(TRiboLAND) Lekòl Sen Pòl nan zòn St Jid, Mòn Lopital fè yon aktivite kiltirel avèk elèv yo yon fason pou klotire ane akademik difisil 2019-2020 an, ki te reyèlman yon ane dramatik tankou: “peyi lock” ak “Kovid-19”.

Nan yon chita anba tonèl ke Direktè enstitisyon an, Rev. Pè Jonas SIMON te fè avèk TRiboLAND, li fè eta de tout yon latriye difikilte ki te make ane akademik la. “Dabò mwen felisite epi remèsye zanmi TRiboLAND yo, pou travay y’ap fè atravè mond lan. Mw rann mwen kont ke se yon medya ki gen plas li nan ran lòt medya profesyonèl yo epi ki chèche genyen enfomasyon ki verifye, e pataje’l nan lang natif natal la ak entènot yo”.


Aktivite kiltirèl Lekòl Sen Pòl: kloti ane akademik 2019-20 an

Yon lòt bò, selon lidè eklezyastik la, ane akademik lan pat yon bagay ki mens, men avèk konkou Bondye nan syèl la, nou rive boukle li kanmèm. Aprè anpil tès sanitè nou fè sou elèv yo, e respekte tout consign konsène yo, nou rann nou kont ke Kovid-19 la pa nan lekòl la. Se sa ki fè nou fè ti aktivite kiltirèl sa a pou elèv yo! Konsa, yo kapab dekonsantre e relakse yo.

“Mwen vle pwofite okazyon sa a tou, pou mw di mèsi avèk tout pesonèl direksyon an, tout pwofesè, tout elèv yo ak tout paran yo ki te fè yon feso e menm detèmine pou ane a te kapab boukle. “Ankò yon gro Mèsi Triboland, mèsi a moun ki renmen pwogram sa a”.


Se te refleksyon Pè Jonas SIMON, direktè lekòl Sen Pòl, yon enstitisyon ki boure ak konpetans e leadership ki vize dote etidyan yon de yon edikasyon de kalite ki trè enkontestab. Filisitasyon pou yon si bon travay striktirèl ke Rev. Jonas etabli nan Mòn lopital, depatman Lwès peyi a. Se reyèlman yon anviwonnman aprantisaj ki fè efò pou respekte tout nòm ak prensip jan yon lekòl administre!

Pa bliye zanmi, lekol se pi bon mwayen pou nou asire demen nou! Mèsi anpil!

Comments are closed.