Pòt Pawòl OPL la reyaji sou 2 jounen òganizasyon Somè HCT a, nan Otèl Karibe nan Pòtoprens.

1,007

2 jounen demagoji PMP a ak HCT a, nan Otèl Karibe nan Pòtoprens pral antere popilasyon an nan plis mizè ak mal site, se deklarasyon pòt pawòl OPL la, Danio Siriak nan mikro konfrè nou, Lotty Manassé nan vil Kap-ayisyen.

05-26-2023

Kap-ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon byen miskle, pòt pawòl òganizasyon pèp kap lite a fè nan mikro konfrè nou nan vil Kap-ayisyen, konsènan 2 jounen òganizasyon Somè Wo Konsèy Tranzisyon an, ebyen pou pòt pawòl la, sa ki tap regle nan Otèl Karibe a, pat janm gen anyen pou wè ak zafè somè oubyen fowòm.

Pou li menm, klas politik la pat reponn prezan,e metòd yo itilize a pap pote okenn solisyon ak pwoblèm peyi a, men pito se vin mete klou sou absè nan desakralize, gaspiye epi blanchi kòb peyi a.

Pòt pawòl la kontinye poul di, Ayiti se yon peyi kote, kidnapè politik yo mete’l an otaj depi yon bon bout tan. Yo kidnape tout espwa ak avini jenès la, san okenn possibilite pou yon lavi miyò.

Yon lòt bò Danio Siriak soulinye konpòtman malonèt Premye Minis prezidan an, Ariel Henry, ki ta ka fè sanblan ke lap dirije peyi a, alòske li makònen ak kriminèl nasyonal kou entènasyonal pou kenbe pèp ayisyen an nan mizè ak mal site.

Pòt pawòl la ki pa sèlman kritike fason gouvènman defakto Ariel Henri a ap fè sanblan sou yon swadizan solisyon sou kriz peyi a, deklare, si gouvènman an tap regle yon bagay serye, yo li pa tap menm bezwen òganize yon fowòm krèy konsa.

Pou Danio Siriak, ou tap sèlman bezwen, yon kantite aktè kle nan chak tematik, paske panse estrateji pou yon peyi pa zafè krèy men pito, se zafè kad.

Comments are closed.