Kòdonatè Komisyon dezameman detrese yon bò tèt ansyen PM Jouth kòm reselè chèf gang

2,908

04/07/2022

Pòtoprens______(TRiboLAND) Kòdonatè Komisyon Nasyonal Dezameman, Ratibwàzay ak Re-anbaochman an, Jean Rebel Dorcenat fè yon seri gro deklarasyon tèt vire sou ansyen PM Joseph Jouthe nan moman li tap patisipe nan emisyon “Ayiti Deba” sou radyo Skoop FM, jodi mèkredi 6 avril 2022 a.

Kòdonatè ke anpil moun repwoche ki tap mennen yon politik reselè ak makrèl ak group gang yo, detrese yon bò tèt ansyen PM PHTK a te konplètman kanpe ankwà ak reselè pou pa genyen oken lis non fanmiy boujwà kriminèl ki enplike nan trafik zàm anndan peyi a pibliye. Konsa, Jean Rebel, fè konnen ta sanble se akoz 3 non moun ki pròch ak kèk moun ki trè repute anndan peyi a.

Kòdonatè a, bay ansyen PM PHTK a ki lage peyi nan plis fatrea a defi pou li ta demanti li. “Ou konnen gen 3 non moun nan lis trafikan yo ki porch ak yon seri moun e sa ka mete mwen nan gro difikilte”, daprè sa ke Jean Rebel deklare ke Jouth te di.

Jean Rebel revel eke genyen 11 fanmiy sangwen kriminèl kap founi zàm ak minisyon bay gang sangwen yo anndan peyi a. Li egalman repètorye apeprè 9 pwen fontalyè ki fasilite komès zàm anndan peyi a. Selon li menm, Komisyon an te idantifye yo e yo tef è yon seri rekòmandasyon bay otorite yo ki jous ka prezan pa janm fè anyen pou matrake kriminèl yo.

Pami pwen lanmò sa yo kap favorize zàm antre anndan peyi a, ou jwen pò Sen Mak la, Afito ak Miragwòan.

Comments are closed.