Yon goup anplwaye agrikilti kadnase pòt antre Biwo Depatmantal Finans Nòdwès la

2,312

05-05-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon group anplwaye ministè Agrikilti, branch Nòdwès mete devan Biwo Finans lan yon seri gro materyèl anjen lou ak kadnase ou soude jodi jedi 5 me 2022 a, pòt antre strikti a an siyn protestasyon pou revandike fòs kouraj yo.

Anplwaye yo revandike paske yo gen 29 mwa depi yo pa touche senkòb chada, pandan yo aprann gen 6 mwa ki disponib pou yo e yo pa vle ba yo li. Konsa, yo menm ale pi lwen pou di, yo kadnase biwo a jiskaske otorite yo di yon mo pou yo, paske yo gen fanmiy pou pran swen.

Selon group moun kap proteste yo, Direktris Depatmantal Finans lan Madam Lamour pa jamè disponib pou fè travay li; se prèske tout l`ot enstitisyon nan depatman ki gen problèm ak yon parèy konpòtman.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.