Vòlè pase nan grèf Pakè Pòtoprens lan e yo ale ak kèk kò deli dosye Me Monferrier Dorval

10\20\20
Pòtoprens____(TRiboLAND) Sekretè Konsèy lòd avoka Pòtoprens yo, Me Robinson Pierre-Louis revele eskanmòtè ke yo pa arive idantifye kase grèf Pakè Pòtoprens e pote ale kèk nan kò deli Me Monferrier Dorval ke sangwen te asasine lachman lakay li 28 dawou pase 2020 an, daprè Me Pierre-Louis ki tap depoze.
Me Pierre-Louis ki rete kwè ke se yon moun anndan enstitisyon an ki pote kou a, konfime ke eskanmòtè yo poze ak la nan lanwit ki te lendi 19 oktòb 2020 alòske pa genyen oken pòt ke yo jwen ki anfonse ou kraze. Me Pierre-Louis ki di li choke anba yon parèy zak malonèt, kwè se yon moun ki abitye e ki genyen aksè pou penetre nenpòt ki lè nan espas la.

Me Pierre-Louis rapouswiv pou di ke se Bondye ki fè yo te mete telefòn defen an ki se yon gwo pyès enpòtan nan kò deli a te nan yon lye proteje; e se sa ki esplike vòlè yo pa arive fè dap piyanp sou materyo sa. Konsa, li mande yon ankèt pap padap, yon fason pou yo arive trase orijinn asasen yo.







I just like the valuable info you provide for your articles. I’ll bookmark your weblog and check once more right here regularly. I am fairly certain I’ll learn a lot of new stuff right right here! Good luck for the following!