Gwo sitiyasyon panik sou wout ayewopò: fòs polis yo pran kontwòl sitiyasyon an

553

06/14/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Sitiyasyon panik ak deblozaj sou wout ayewopò jodi lendi 14 jwen 2021 an nan Pòtopwens. Enfòmasyon yo fè eta de yon gwoup bandi sangwen ame ki tante anvayi plizyè antrepriz kap vann machin pami yo konpayi Bermann Motors.

Se nan yon konsè gwo kout zàm bandi sangwen kreye panik, fèmen magazen ak chape poul sou wout ayewopò Toussaint Louverture nan moman bandi yo tap eseye pran daso konpayi BM nan. Se gras ak entèvansyon fòs lòd yo ki te arive neutralize yon parèy sitiyasyon ki te kreye anpil panik ak echanj kout zàm. Tankou jan sa fèt, pa genyen oken bandi ki tonbe e anba kòd.

Paralèlman, yon gwoup gang “Krache Dife” ki te sou motosiklèt te atake lokal Réseau national de Défense des Droits de l’Homme (RNDDH). Yo te fè tantatif nan sakaje baryè enstitisyon e voye yon mesaj klè bay responsab yo ki toujou ap defann dwà moun annda peyi a. Sa pa gen lontan pi gwo chèf gang notwà G-9 la, Jimmy Cherisier alyas “Barbecue”, alye Jovenel Moise te menase direkte egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance.

Comments are closed.