Lapolis nasyonal nan komin Petyonvil, mete kòd nan kou 2 gwo koure, jounen mèkredi 21 jen 2023 a.

955

Désius Jameson ak Lucien Thomas, se 2 gwo koure sa yo ajan PNH yo fouke nan komin Petyonvil, pou tèt nivo enplikasyon yo nan brakaj zam ilegal ak asosyasyon malfektè.

06-21-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan peyi Dayiti, patikilyèman nan komin Petyonvil, fouke jounen mèkredi 21 jen 2023 a, 2 gwo koure kap opere nan gang Marin, komin Kwadèboukè.

2 gwo koure sa yo, se Désius Jameson ki abite sou wout Frè a, e ki genyen 29 rekòt kafe sou tèt li, ak Lucien Thomas 39 lane, toujou kap opere nan gang Marin, komin Kwadèboukè.

Dapwè enfòmasyon nou rive rekeyi sou kont Facebook ofisyèl PNH la, nan moman arestasyon 2 gwo koure sa yo, lapolis ta pral rekipere yon fizi IMI, kalib 9 mm, seri: 093081 anba grif malfektè ki pote non Désius Jameson lan.

2 gwo koure sa yo kite deja enplike pou divès move zafè tankou : brakaj zam ilegal, asosyasyon malfektè ak divès lòt chaj ankò, ap reflechi dèyè 4 miray annatandan y’al reponn kesyon lajistis.

Comments are closed.