Aparèy Jistis la nan vil Pòdpè bankal e li kontinye ap pran lanm

246

02/01/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Aparèy jistis la nan Pòdpè bankal akoz manke grefye pou asire bon fonksyonman odyans yo.

Tankou anpil moun te deja kwè li, responsab yo nan jistis la nan vil Pòdpè konfime’l pou piblik la ke gen anpil moun kap pouri nan prizon akoz absans grefye ak isye.

Pou kèk nan otorite lajistis sa yo, se sa ki okazyone to detansyon prevantiv prolonje a ap ogmante chak jou Bondye mete. Komisè gouvenman jiridiksyon Pòdpè a, Mèt Jean Volney Bellamin bay garanti ke ministè lajistis ap travay pou rezoud yon parèy problèm.

Met sou sa, li mande grefye yo pou yo sispann fè grèv, okontrè se kolaborasyon ak jarèt yo dwe bay nouvo jij sila yo yon fason pou redwi kapasite prizon an ki plen tankou yon ze.

Nap fini pou di, daprè enfomasyon Triboland genyen nan men li, majorité prizonye ki nan prizon sivil Pòdpè a poko janm konnen pouki yo nan prizon; konsa, yo poko janm pase devan jij natirèl yo.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.