Pòdpè / Jistis : Yon nouvo Prezidan enstale nan tèt kòporasyon Tribinal de Pè Pòdpè a

1,258

06-19-2022

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Yves Augustin enstale kòm Prezidan ti Bawo Pòdpè a, vandredi 17 jwen 2022 a. Yon seremoni ki te prezide anba direksyon Jij Paul Blanc, Jij Titilè a.i Tribinal Pòdpè a; ansyen Prezidan Me Leonard Dolciné, plizyè avoka militan ak divès pratisyen an Dwà, manm kòporasyon an.

Me Yves Augustin gen yon Manda pou 2 lane, pou jere bon mach kòporasyon an. Nouvo Prezidan ki promèt ke li pral travay ak jij yo, tout pèsonèl nan tribinal la ak tout pratisyen yo, yon fason pou bagay yo fèt jan yo dwe fèt.

Hodney Fanuance, TRiboLAND

Comments are closed.