Pòt Dwàn Sen-Mak la fèmen, akòz pri pou debake machandiz yo ki bay lawouli

728

Debake yon machin ak konntenè nan Dwàn Sen-Mak la, se yon kaskèt chinwa, tèlman pri taks yo monte wololoy.

06-27-2023

Sen-Mak, Ayiti____(TRiboLAND) Pòt Administrasyon Jeneral Dwàn nan vil Sen-Mak, kloure rèd mare, pandan plis pase 15 jou, se konsekans ogmantasyon taks yo sou divès materyèl, tankou : machin, traktè, konntenè, poun site sa yo sèlman.

Desizyon sa a, ki lage gwo bouch louvri nan mitan kontribyab yo, mande ak gouvènman moun tèt san cheve yo, desann taks yo sou pwodwi yo.

Li enpòtan pou konnen, sa fè plizyè mwa gouvènman defakto PHTK Ariel Henri a, ap fè vanta pou kantite kòb yo ranmase, alòske yo pako janm konstwi menm yon latrinn nan peyi a.

Comments are closed.