Zimbabwe: Pwezidan Emerson Mnangagwa teste pozitif pou Kovid-19

0 359

Harare____(TRiboLAND) Yon pòtpawòl fanmiy pwezidan Zimbabwe a, Emerson Mnangagwa anonse yèswa ke chèf deta 77 lane te oblije ap swiv tretman paske li teste pozitiv pou kowonaviris.

Semènn pase a, yo te wè Mnangagwa chita tou pwè pwezidan Botswana a, Mokgweetsi Masisi ki depi lè sa te mete tèt li an oto-karantènn apwè ke li te vizite peyi vwazen Namibi.

Viris la te manifeste nan Mnangagwa yè Dimanch lan lòske li te kòmanse ap swe pandan ke li tap gade televizyon nan rezidans li nan Harare, kapital peyi a. Tout sa rive apwè ke li te fè yon ti vire nan konplèks administratif vice-pwezidan Chiwenga ansanm ak kèk diplomat chinwa.

Leave A Reply