Kominote Karikòm mete yo dakò ak aktè politik ayisyen yo pou yon konsèy prezidansyèl ak 7 manm.

952

03 -12 -2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Kominote Karikòm mete yo dakò ak aktè politik ayisyen yo pou yon konsèy prezidansyèl ak 7 manm, desizyon sa a, pran, aprè yon reyinyon ki fèt aprè midi 11 mas nan peyi Jamayik.

Estrikti ki kapab voye non yo: kolektif 30 Janvye, RED, EDE, pati politik pitit Desalin, Revèy nasyonal, akò 21 desanm , Montana, Fanmi lavalas ak 2 antite nan sosyete sivil la kòm obsèvatè. Estrikti sa yo genyen 48 èdtan pou voye non pèsonalite ki pral fè pati Konsèy prezidansyèl la.

Kou di pou alye pm Ariel Henry. Premye minis ex-defakto Ariel Henry remèt demisyon li ozanviowon 11 zè pm lendi 11 mas 2024 la, nan yon kòl vizyon konferans zoom nan kad yon Konsèy minis limenm òganize.

Comments are closed.