Me ki sa TRiboLAND konnen ki gen pou wè avèk lanmò ansyen kandida prezidansyèl Eric Jean Baptiste

1,863
  • Ti Makak se ti moun ki fèt nan Laboule 12, fanmiy li tankou anpil lòt fanmiy posede anpil tè. Kontrèman a jan anpil moun panse, Ti Makak pa rele Ti Makak paske li reyèlman sanble ak yon makak.
  • Vrè non Ti Makak se: Carlo Petit-Homme.
  • Ti Makak soti nan zòn Fesa, Laboule, Dezire… Tou piti, li te abitye desann al vann yon seri prodwi tankou kawòt, chou, tout kalite nan mache Kwabosal avèk manman l.
  • Bòfrè li ki se Arnel Joseph, ansyen chèf gang kriminel, tap viv nan Village de Dieu. Gran sè Ti Makak te ansanm avèk Arnel Joseph ki pral mouri aprè yon evazyon prizon.
  • Ti Makak te vle rete Pòtopwens, lakay sè li; e li te motive lè li te wè e ap viv nivo relasyon bòfrè li Arnel Joseph ak yon seri gro chèf ou gro chabwàk politik tankou minis, senatè, depite e latriye ki te konnen pran kontak ak defen gang Arnel.
  • Ti Makak tap evolye nan yon anviwonman, kote ke li te wè Arnel tap jwi yon pakèt privilèj; kamyon diri, kamyon bwason, machin ofisyèl ki tap antre nan lokalite a, volim lajan ameriken ki te kon ap antre nan kay la, yo tout te genyen enpak sou Ti Makak ki te toujou yon ti frè bwa dwàt ki benefisye konfyans Arnel.
  • Ti Makak ak Izo (Jameson) tap evolye ansanm e grandi anba zak kriminel Arnel ki te pi gro chèf gang nan vilaj la.
  • Lè genyen anpil deblozaj nan vilaj la, Ti Makak te toujou retounen lakay li nan Fesa ou Taraz yon fason pou li sekirize tèt li.
  • Ti Makak te vinn devlope anbisyon lòske li te remake nan lokalite Taraz, lakay li yon gro group gang ki te genyen nan tèt li Toto Bòlèt ki se Monsanto Petit, te sèl kòk chante nan zafè fè dap piyanp nan tè yon pakèt malere abitan ak fanmiy Ti Makak nan lokalite Fesa.
  • Izo ak Ti Lapli, 2 gran Toryan group gang “5 Segonn” ta pral asepte yon propozisyon Ti Makak pou yo te enstale li kòm gro chèf nan zòn lakay li, Fesa, nan Laboule.
  • Konsa, Ti Makak enstale, Izo ak Ti Lapli bay li yon group sòlda, e minisyon, se pa pale! Se konsa, Ti Makak ki pa bliye ki mizè fanmiy li ak tout moun nan zòn nan te konn ap pase ak Toto Bòlèt lè li te piti, kòmanse ap atake nèg Ti Bwà yo, ki se group gang fawouch kap travay pou Toto nan Taraz.
  • Anpil abitan te oblije ki te yon katafal tè e al rete nan Fesa akoz menas ak move tretman ke yo te konn ap resevwa bò kote Toto. Genyen tè moun sa yo Toto fòse yo likide yo pou kraze mounen e fè presyon pou yo ale, al viv pi lwen, nan Fesa. Malgre anpil va e vyen nan lajistis pou plizyè epizòd konfli tè, gro otorite ki genyen monopòl jistis la, te toujou favorize yon seri dosye an favè Toto ki fè tout yon fòtin nan revann tè abitan yo ak gro oligat e politisyen ki bati anpil gro chato sou yon seri tè ki te rele abitan yo chèmèt e chèmètrès.
  • Avèk yon volonte san pitye pou rekipere tè eritye li, Ti Makak kòmanse lage yon gè Iran-Irak kont nèg Toto yo. Premye atak li kont nèg Ti Bwà yo, te fèt nan yon “veye”, kote bandi ak fanm bandi Toto yo tap bwè gròg yo. Se konsa, group Ti Makak la antre li simen yon lapli katouch sou tout moun. Se te yon veritab dràm; anpil fanm ak nèg tonbe!
  • Anpil politisyen ak oligat kòronpi achte anpil tè abitan nan men Toto. Se yon seri tè ki chaje ak ilegalite, fo e achi fo pou nou pa di falsifye. Pou te proteje envèstisman yo, anpil nan achtè ilegal yo fè tèt kole ak Toto pou fè antre mèsenè anwo Taraz pou konbat nan yon premye tan nèg Ti Makak yo.
  • Majorite bandi nan mouvman Ti Makak la se yon seri jèn gason ki pretann revandike eritaj paran yo ke Toto pran ak konplisite Leta ak gro chabrak depi plizyè deseni.
  • Gro kout zam te arive chante ant group Ti Makak la ak mèsenè kolonbyen yo ki te pase nan repiblik dominikèn. Katchouboumbe a te lakoz ekip Ti Makak la pèdi 6 sòlda, alòske li te oblije repliye e pase plizyè mwa nan mawon nan Gran Ravin.
  • Se ta menm mèsenè sa yo ki ta pral ranpli yon dezyèm misyon ki te gen pou wè avèk asasinay Prezidan Jovenel Moise.
  • Ti Makak retounen nan Fesa pirèd. Nan sousi pou pouswiv yon pakèt gro otorite ki achte tè nan men Toto e ki nan kòt maltaye pou te rasanble lajan antre yo menm pou te antre mèsenè pou touye li. Ti Makak ta pral atake, krible e bwile ansyen senatè Yvon Buissereth ak tout chofè li, moun li estime ki nan konfyolo ak Toto nan achte tè moun e ki ap fè kolònn pou touye li.
  • Ti Makak komèt anpil gro aksyon ki pa reyèlman entèpele konsyans otorite yo. Kòmanse sou zatrap pou asanen yon seri polisye, rive nan okipe e libere sòlda li nan Komisaryà Tomasen 25 lan. Anpil polisye te leve kouri anba katouch.
  • Gwoup Ti Makak aprè lanmò prezidan Jovenel Moise achte banlye Taraz lajan kontan. Yo defèt, gaye mache, e mete tout moun nan kouri patikilyèman Laboule 12, kote ke krim yo ap pase okotidyen.
  • Sa pa genyen lontan Ti Makak ta mete men sou yon pròch Toto; ta sanble yo pa enterese mande milyon pou liberasyon viktim nan, sinon ke egzije pou Toto remèt tout zam ke li genyen an posesyon li.
  • Ti Makak ta sanble pa genyen objektif pou fè kidnapping ni fè magogo lajan; li ta plis enterese vanje tout moun ki kontribye nan akapare tè fanmiy li ak tè yon seri abitan ke Toto vann ak yon seri gro chat (politisyen, oligat kòwonpi) ki bati chato, alòske vrè mèt tè yo ap viv nan mal site nan Fesa a pil sou pil.
  • Ti Makak, sa pa gen lontan, fè yon masak sou yon seri malere sou moto siklèt nan Laboule 12. Viktim yo ta sanble te genyen etikèt “antènn” lapolis.
  • Anpil rimè ta fè konnen ke pròch Toto a, aprè yo ta koupe yon pye li, ta devwale yon seri aktivite ke Toto tap manniganse ak yon seri oligat ak politisyen kap konplote kont Ti Makak nan rasanble lajan antre yo nan Taraz e alantou pou fè mèsenè antre pou egzekite Ti Makak.
  • Eric Jean Baptiste jwen lanmò li anba akizasyon ke li pami moun ki ta kontribye nan fè mèsenè antre pou konbat Ti Makak pou revandikasyon tè Toto te vòlò. Se te menm kad figi a pou asasinay direktè jeneral ònism etatik Antrepriz piblik la pou promosyon lojman sosyàl, Yvon Buissereth.
  • Anpil gro chabrak ki bati gro chato sou yon seri tè ki te achte nan men Toto, genyen gro tèt chaje ak Ti Makak. Konsa, genyen sa ki deja abandone bel rezidans sa yo, ki selon Ti Makak ki ilegal. Anpil lòt ta reyalize ke Ti Makak konnen key o te kontribye nan fè leve fon pou kolekte lajan pou kontrekare Ti Makak ki ta estime li se yon viktim ak tout fanmiy li.
  • Selon yon seri sous, ta sanble anpil nan gro chabràk, politisyen, komèsan ki danse kole ak Toto, ki akapare e bati sou yon seri tè abitan nan Taraz, Laboule, Dezire e latriye, sible nan lis chèf gang Ti Makak la.
  • Ti Makak, ta sanble detèmine pou elimine tout moun ki bati chato sou tè Toto vòlè genyen pou peye yon parèy zak; tout sa ki nan reselè ak Toto, ki akapare e achte-vann yon seri tè abitan, tankou tè eritye fanmiy Ti Makak, yo mèt rete tann. Tout sa yo ki te kontribye ou bay lajan pou fè antre mèsenè vinn konbat Ti Makak nan Fesa ta sanble genyen gro tèt chaje.
  • Se reyèlman tris, yon ikon tankou Eric Jean Baptiste ki travay pou bay ou pataje tout sa li posede ak tout sektè atravè repiblik la, arive tonbe nan mitan yon konfli tèryen ki opoze Ti Makak ak Toto; 2 eleman ki mete anpil dlo nan je popilasyon an.
  • Sa genyen mwens pase 2 semènn depi ke Eric Jean Baptiste te soti antere yon tonton li, Oreste Michel Therveil ou Oreste Jean Baptiste nan vil Pòdpè. Le te egalman yon gro antreprenè ou yon filantropist konsome ki ede yon pakèt moun pran pye.
  • Eric Jean Baptiste te yon vrè patriyòt, anpil moun te genyen yon djòb atravè defen an. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.