Vizit nouvo Direktè SNGRS la ak tout ekip li nan Vil Pòdpè alokazyon òganizasyon Kanaval Nasyonal la

345

02/15/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon delegasyon ki genyen nan tèt li, nouvo Direktè SNGRS la, Msye Jean – Rony Delsiné ak tout ekip li, vizite depatman Nòdwès weekend 13 fevriye a nan avan vèy òganizasyon Kanaval Nasyonal la kap òganize nan vil Pòdpè ant 14 -15-16 fevriye 2021 an.

Objektif vizit saa, dapwè direktè a, se wè nan ki fason kapab genyen yon tèt kole ak kolektivite teritoryàl yo yon fason pou kapab rezout kesyon dechè a nan vil Pòdpè. Konsa pou Direktè a, vizyon yo se wè kòman yo kapab fè yon jesyon ratyonèl sou kesyon dechè a nan site Kapwà Lamò kap gen pou vize twa faz sa yo: avan, pandan ak aprè kanaval nasyonal la.

Pozel kesyon kisa ki pèmèt vil pòdpè pa kapab genyen yon anbriyon SNGRS? Direktè a reponn e konfime yon nouvèl direktris ap gen pou enstale avan lontan, kise Madam Eugène, yon mannyè pou rive bay yon kout men nan jesyon fatra a nan Nòdwès.

D.G a kontinye poul di, fatra a, se yon sous opòtinite, yon sous ekonomik, ki kapab pèmèt anpil jèn soti nan chomaj malerezman direksyon l ap dirije a, ap fè fas ak divès kalite pwoblèm pami yo: pwoblèm materyèl ak mwayen ekonomik.

Direktè a yon lòt bò, deklare jesyon ratyonèl sou dechè lap pale, pa kapab efektiv tou totan ke leta pa rive edike popilasyon an e rive fè yo konnen enpòtans anviwonman an genyen.


Konsa, pou make prezans yo nan peryòd kanaval la, yon pwogram dasenisman deja mete sou pye kote yo pral genyen pou netwaye vil la, kòmanse samdi kit e 13 fevriye pou rive nan dat 15 fevriye 2021.

Travayè sa yo, ap gen pou resevwa gde 400 chak jou, epi chèf ekip yo gde 600, yon salè ke yap gen pou benefisye yon jou aprè fen kanaval la. Pou D.G Jean – R.Décliné, SNGRS se dènye cha ki pase sou pakou a, yon mannyè pou rive aseni jan sa dwe ye pakou kanaval sila.

Antouka, pou Direktè jeneral la, li pa manke felisite Prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moise pou efò li. Li deklare, se gras ak efò Prezidan an ki pèmèt ke pòdpè vin vyab pou anpil moun, men li soulinye tou, si se pat efò sa yo, Pòdpè te kapab konnen yon 217 lane efondreman anba je leader ak politisyen peyi Dayiti.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.