Tigwav Ensidan: Polisye Saintil Nosther blese nan je ak kout manchèt anba men yon prezime bandi nan komin Tigwav.

843

04-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Saintil Nosther, se non yon polisye ki blese nan je goch li anba kout manchèt yon prezime bandi lendi 24 Avril 2023 a .

Polisye Saintil Nosther ki nan yon eta trè kritik, ap bay anpil san nan je goch li, daprè dènye enfo yo ki arive nan sal redaksyon TRiboLAND.

Sendika nasyonal polis ayisyen an, deklarare yo bezwen 4 pwochèt san an nijans pou medsen yo opere polisye viktim nan, Saintil Nosther.

Toutfwa, (SYNAPOHA) lanse apèl bay tout kòlèg polisye yo, pou pote kontribisyon yo nan lide pou al fè donasyon san nan Sant Nasyonal Transfizyon Sangen (CNTS) ki twouve li nan Tijo nan Batiman Dijisèl la, pou sove lavi viktim nan.

Comments are closed.