Foutbòl: Coach Jean-Jacques Pierre jistifye absans Nazon, Pierrot ak Placide.

2,228

John Jean Jacques – 03/15/2022

(TRiboLAND) Seleksyonè ekip Ayisyèn Foutbòl la bay rezon absans meyè eleman seleksyon an pou match Zanmitay kont Gwatemala, 27 mas kap vini la.

Kèlke jou aprè piblikasyon lis 20 jwè kap gen pou jwe kont ekip Gwatemala a, Seleksyonè ekip Ayisyèn Foutbòl la, Pierre Jean-Jacques, pale sou absans kèk pilye motè nan seleksyon an pou match sa, ki pral make retou Grenadye yo sou teren an nan objektif pou kòmanse ak preparasyon lig nasyon Konnkakaf la pou mwa jwen 2022 a.


Pou match foutbòl sila a, Coach Jean Jacques, ki konvoke sèlman 20 grenadye, avèk absans kèk jwè tankou: Johnny Placide, Dukens Nazon ak Frantzy Pierrot, fè konnen ke se pa volonte staf teknik lan pou yo pat prezan pwiske li te rele mesye yo, men yo pa deside pote koulè seleksyon an.

Nap soulinye ke depi kèk mwa, ni Johnny Placide, ni Dukens Nazon, ni Frantzy Pierrot ni seleksyonè a, pa monte chwal a 2 pwiske selon jwè Foutbòl sa yo, Jean Jacques Pierre pa konn anyen nan kesyon “coaching”, e menm te deklare yo pap jwe anba lòd yon parèy Coach.

Comments are closed.