Nòdwès : Fon pou Konstriksyon Pak Espòtif Lasalin nan pase nan gagòt

2,364

08-01-2022

Travay pou te mete kanpe yon Pak Espòtif Nan Lasalin, 3e Seksyon Polen/ Lakòn, Komin Pòdpè,kòmanse depi yon bon bout tan, men pa janm arive egzekite.

07/31/2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Depi sou gouvènman ansyen prezidan peyi Dayiti a, Martelly/Lamorthe ; yon plan espesyal kite evalye ak yon valè senk milyon dola vèt pou vil pòdpè pa rive egzekite nan tout entegralite li.

Kòm kontni nan plan sa a, te genyen “Plas katedral Pòdpè a, plas Kapwa Lamò, twonson wout Latandri ak Ri Benito Sylvain, Kloti pak espotif Pak Kapwa Lamò a, ak konstriksyon yon Pak Espòtif nan Lasalin, poun site sa yo sèlman.


Korespondan Triboland yo ki toujou ap fouye zo nan kalalou, al tonbe sou yon galimatcha, yon gaspiyay ekonomik, kote nèg Pòtopwens nan tèt kole ak yon komite swivi pou te veye sou depans fon sila, (kite genyen yon lidè evanjelik, Pastè Jean Claude Thervil) gagote, gaspiye, dilapidé epi desakralize fon sila san founi popilasyon Nòdwès la yon ti lòsyè eksplikasyon Nan sans sa a, konstriksyon menm Kloti Pak Espòtif sila pa rive fini vwa pou te fini ak konstitisyon an.

Twonson wout Latandri a pa rive fèt, Kloti pak espotif kapwa Lamò a, pa rive fèt nan plan espesyal la, twonson wout Ri Benito Sylvain pa rive fèt, sèlman Plas katedral ak Plas pakwa Lamò ki rive acheve.

Sepandan, sosyete sivil la bouch be ! Lakou Siperyè dè Kont bouch be ! Popilasyon an, bouch be !

Comments are closed.