Pòdpè: Elèv lekòl yo lonje dwat sou Me Dubréus kòm lotè entèlèktyèl aktivite bayakou nan divès lekòl nan vil la

Pòdpè___(TRiboLAND) Bridsoukou, Elèv Lise Tertullien Guilbeau nan Pòdpè te pran lari, kote yo te dirije yo lakay Me Kerly Dubréus youn nan Majò Jon nan sèktè opozisyon an pou mande plis esplikasyon sou taktik bayakou-a.
Konsa, yo pat mande li ki pè ki touye Lanperè; saw tande a anpil dega fèt! Yo sakaje pòtay antre lekòl Me Kerly Dubrèus la rache mete atè! Nan esplikasyon ke li tap bay TRiboLAND, Mèt la fè konnen se manipile yo ta manipile elèv yo ki fè yo lonje dwat jouda sou sèktè opozisyon an ki ta poze yon tèl zak; yon enfomasyon ke Me Dubréus voye jete byen lwen. Selon Mèt la, se elèv yo nan moman manif lan kap aprann li ke majorite lekòl ak enstitisyon piblik nan vil la.

Me Dubréus rapouswiv pou li di ke Lajistis deja pwosede ak konsta legal fè yo. Li ajoute pou-l di ke jouska pwezan nan moman ke lap pale la, pa gen oken otorite jistisyè ou enstans nan Leta pako janm rele-l pou kesyone-l sou sa ki pase-a.
Pou fini, Mèt Kerly
Dubréus deklare ke “peyi Dayiti pa
gen dirijan,” sa vle di pa gen moun kap jere-l pandan li kontinye mande
depa pwezidan enkilpe-a Jovenel Moise.
Saint jean wiskis, TRiboLAND






