Rodrigue Millien : Yon lòt Gran Toryan nan mizik ayisyèn nan kraze yon kite sa

09/25/2021
Miami, Florid______(TRiboLAND) Kominote ayisyèn nan, nan sid Florid leve anba gwo tristès jodi samdi maten 25 septanm 2021 an, lè yo apran nouvèl lanmò chantè, komedyen ak konpozitè Gran Toryan Rodrigue Millien, youn pami sa yo ki make tout yon epòk ki te marye konpa ak twoubadou sere kole.
Atis la ki te konnen ap fè anpil furè nan tèt kole avèk konpayèl li “Toto Nesesite”, te vinn separe pandan yon bon bout tan. Rodrigue kontribye anpil nan mizik ayisyèn nan. Youn nan chante li te entèprete se te “Mwen ta renmen konnen dat e jou map mouri”, “Konfesyon” san konte yon pakèt lòt ak konpè Toto, ki make jenerasyon 70-80 an.
Apwè yon kriz AVC, atis la te tonbe malad. Li pase plisyè ane malad e paralize nan yon rezidans retrèt nan Miami, Florid. Ke nanm Rodrigue Millien repoze nan lapè etènèl e ke Pè Etènèl konsole tout sa yo ke li kite dèyè nan lapèn!






