Sou inisyativ ID, yon gwo konferans òganize nan komin Ansafolè.

1,123

04-21-2023

Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Sou direksyon Inisyativ Devlopman Lokal (ID) yon gwo konferans deba reyalize yè jedi 20 avril 2023 a, nan lokal Lise Justin Lerisson an nan Ansafolè nan kad yon pwojè pou pote chanjman pou jèn yo nan depatman Nòdwès la.

Yon pwojè ki la pou fè jèn yo konnen sa yo ye, sa yo kapab fè epi kòman yo kapab patisipe nan devlopman kominotè, san ekate pèsòn.

Se Club des Amis de la Francophonie (CAF) kap egzekite pwojè sa a Ansafolè, ki gen nan tèt li kòm prezidan, Alix Michaud. Se sou envitasyon animatè Leonaldo Chery, Jn Herad Victor, responsab; plis pase 100 jèn te patisipe nan brase lide sa a ki te genyen kòm konferansye M. Alphonse Jn Henold, Direktè Inivèsite Valparezo Pòdepè.

Deba yo te plis chita sou yon sijè très enpòtan, ki te sène yonsou youn nan tematik ou pwoblematik jèn yo nan Ansafolè ki se: “Mieux se connaître pour mieux s’impliquer dans le développement de la communauté.”

Jèn yo te eksprime kontantman anvè apwòch sistematik konferasye a, ki te klè kon klewòz nan adrese trè pwoblematik jèn yon atravè komin nan, te bay tout sa li te genyen nan djakout li. Konsa, yo swete li retounen pou yon lòt randevou. Pwojè sa jwenn kolaborasyon ID (Inisyativ Devlopman Lokal) nan komin Senlwidinò ak finansman Union Européenne.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.