Yon nouvo komisè pwensipal enstale nan tèt awondisman Kwadèboukè a jodi jedi 30 mas 2023 a.

936

03-30-2023

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Altis Max Vital enstale kòm komisè pwensipal nan tèt awondisman Kwadèboukè a, jodi jedi 30 mas 2023 a. Li ranplase Anthously Orélus ki transfere nan direksyon Lwès.

Se asistan direktè depatmantal la, komisè pwensipal Jean Dominique ki te asire enstalasyon an.

Yon aktivite ki te dewoule nan prezans plizyè kad nan lapolis la, nan awondisman Kwadèboukè. Tout moun ap swiv ki chanjman enstalasyon sa pral pote pou popilasyon an kap moute yon ma swife anba aktivite teworis gang sangwen.


Comments are closed.