Dennis Hankins konfime ke li abitye genyen kontak limite avèk gang yo nan kad sekirite anbasad la

219
6
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Nan yon interview li akòde “Le Point” sou Radio Télé Métropole, Dennis Hankins, Anbasadè Etazini an nan Pòtopwens konfime li abitye genyen kontak okazyonèl avèk gwoup gang ame yo. Li eksplike se yon seri kontak ki trè limite.

“Se yon seri kriminèl notwà, pa genyen anyen pozitif ki kapab soti nan kominikasyon avèk yo”, dapwè diplomat Hankins ki tap depoze. Kominikasyon limite sa yo, te plis chita sou baz chèche konnen si yon seri aktivite gang genyen pou wè avèk menas sekirite anbasad la oubyen se konfli entèn.

Enfòmasyon yo fè konnen ke Jimmy Cherizier, alyas “Barbecue”, ki se alatèt asosyasyon kriminèl “Viv Ansanm” lan, konfime pandan kèt entèvansyon sou rezo sosyàl yo, ke li te jwen envitasyon pou yon reyinyon nan Anbasad amerikèn nan Pòtopwens e yon lòt fwa ankò ke yo te menm pwopoze li yon viza; alegasyon ke depatman Deta ameriken demanti tankou chyen, si nou ta vle kwè jounal Miami Herald.

Share:

6 comments

  1. Ermelinda Kuan 1 February, 2025 at 16:33 Reply

    I was very pleased to find this web-site.I needed to thanks to your time for this wonderful read!! I positively having fun with every little bit of it and I have you bookmarked to take a look at new stuff you blog post.

Leave a reply