Kòdonatè kazèk 4èm seksyon Rivyèdèba, Anol Gustave prezante plizyè pwojè ki nan faz egzekiyon nan seksyon an.

758

03-06-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 4èm seksyon Rivyèdèba, komin Senlwidinò, Mèt Anol Gustave prezante diferan pwojè ki nan faz egzekisyon nan seksyon lap dirije a.

Selon Mèt Gustave nan kad pwojè BMPAD Karitas Swis la, yo deja amenaje twonson wout prensipal Rivyèdèba ki mennen Gaspa a, yap mete materyo atè pou koule 2 bann beton kap genyen pou soti Mòn Nan Monne pou rive Gaspa.

Yon lòt nouvo pwojè, ap genyen pou wè avèk enstalasyon yon kasavri pou ede popilasyon kap plante manyòk yo, jwenn kote pou yo fè kasav epi plante plis manyòk pou kapab ranfòse ekonomi peyizan yo.

Kazèk Gustave mande popilasyon 4èm nan rete mobilize pandan lap kontinye panse pou yo ak pitit yo!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.