Bandi sangwen kidnape pastè Alcero Marc Arthur

1,988

05/02/2022

Petyonvil_____(TRiboLAND) Yon lòt nyèm pastè protestan ki pote non Alcero Marc Arthur, kap sèvi L’Église de Dieu de Maïs Gâté, kidnape anba grif bandi sangwen jodi lendi aprèmidi 2 me 2022 a vè 3 è sou wout Frè, Petyonvil la.

Bandi yo pa arive idantifye te an chalkalis lòske yon te arive mete men manu milirari sou sèvitè relijye a nan moman li tap rete tann machin li ki tap lave, daprè sa yon manm fanmiy li ta fè konnen.

Dènye kidnapping ki fèt sou yon diplomat dominiken reyèlman repinyan; san konte batay ant diferan group gang sangwen ki pasispan elaji tèritwà yo chak jou ki jou.

Comments are closed.