Pou deklentche yon batay kont kòripsyon, gouvènman ayisyen an sinye yon akò ak ONU

2,202

12/11/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ministè planifikasyon ak koperasyon Lòt Bò Dlo a, Ricard Pierre avèk konplisite Bruno Lemarquis ki se kowòdinatè Nasyon Tèt Kole yo (ONU) ki nan peyi Dayiti sinye yon akò pou bay pwojè jarèt ki antre nan kàd pou ede sosyete sivil la antre pi fon nan batay kont aktivite kòripsyon anndan peyi Dayiti.

Dapwè Biwo Kominikasyon kòdonatè Lemarquis a, yon parèy pwojè pwàl fasilite yon konfyans ki djanm nan mitan diferan administrasyon Leta yo, pwensipalman bwàt kap kontwole bonjan mach striktirèl gouvènans piblik la ak dwà fondamantal popilasyon an.

Biwo Kominikasyon an rabat pou li di ke kòripsyon ap grangrene dwà pwimè moun atravè lemonn an jeneral; li fè disparèt konfyans sitwàyen yo nan enstitisyon piblik yo ki se yon veritab baryè pou devlopman ekonomik ak sosyàl.

Sepandan, anpil kritik pa bay twòp enpòtans ak yon parèy akò bwi sapat ki enplike yon ONU ki deja echwe depi plizyè deseni nan peyi Dayiti.

Comments are closed.