DG PNH la Frantz Elbé rankontre tout Direktè depatmantal PNH yo

06 – 01 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Direktè Jeneral PNH la, Frantz Elbé rankontre tout Direktè diferan jiridiksyon PNH yo yè vandredi 31 me 2024 la, nan sal konferans DGPNH la ki trouve-l nan Klèsin, Pòtoprens.
Nan rankont sila, DGPNH la chita ak Direktè depatmantal yo sou veritab misyon fòs miltinasyonal la, epi gade ak yo evolisyon sitiyasyon sekirite a nan diferan depatman yo.
Direktè Jeneral la angaje Direktè depatmantal yo, daprè selil kominikasyon enstitisyon an, atravè lòd fòmèl pou kontinye mete tout sa yo konnen deyò pou kontinye trake bandi nan tout peyia.





