Bandi sangwen koure ame krible anba bal Me André Charleus, ki se avoka peyizan Pyat yo

781

04-13-2023

Sen Mak, Ayiti ____(TRiboLAND) Bandi sangwen Me Venson Francois. krible anba bal, Me André Charleus, mèkredi 12 avril 2023 a.

Me André Charleus

Me André ki te an vwayaj pou al lakay li nan lokalite Delije, ki tap soti Akayè al tonbe fas pouf as ak yon group nèg ak zam sou wout nasyonal nimewo 1 an, epi louvri yon rafal katouch sou machin li, daprè Komisè Gouvènman Sen Mak la, Me Venson Francois.

Daprè divès enfo, aprè bandi yo fin touye Me André, yo te mete dife sou kadav la. Me André ki se pitit natif natal Delije, te toujou reprezante kòm avoka peyizan yo Pyat, ki nan gwo konfli tèryen ak moun Delije.

Poko gen oken detay sou sa ki ta koz lanmò Me André, men gen gro chou toufe ki lage anpil dout bò kote divès peyizan ki menm vle fè kwè se menm konfli tèryen sa ki koz lanmò Mèt la.

Comments are closed.