Atelye Top Akabi pou yon inyèm fwa lage plezi atè e mete kontantman nan kè espektak yo nan site Kapwa Lamò a.

993

Avi de rechèch, se tit pyès teyat ATA prezante bay gran piblik la.

04-09-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan inyèm espektak, Atelye Top Akabi (ATA) prezante piblik pòdepezyen an, ATA frape fò toujou nan objektif pou pèmèt blazon teyat la redore nan vil Pòdpè ak atravè depatman Nòdwès la. “Avi de rechèch”, se tit pyès teyat ki mete an sènn ou an relief travay Jeanty Jamesky, dimanch 9 avril 2023 a, nan lokal One Love, ki baze nan Ri “Notre-Dame” Lakoup.

Anndan pyès teyat sila, ki pa sèlman gen bagay pou moun ri sèlman, men li prezante Ayiti tankou yon kote tout moun ap chèche. Nan zafè tout moun ap chèche sa, sa vin fè tout moun konprann Ayiti pa yo a diferan pandan bagay yo vin dejenere ki koz tout moun ap peri ansanm.

Nan jou rezireksyon Kris la, ATA montre aklè eskanp figi teyat la ap leve nan site Kapwa Lamò a. Yon aktivite ki totalman reyisi ak patisipasyon group EADL, Wa Willy, atis Sakad Vatikan ak tout ekip Atelye Top Akabi a, ki te ofwi piblik la: dans, powezi, mizik ak teyat.

Atelye Top Akabi ki pa deside kanpe nan pwodwi bon jan zèv atistik, kase randevou ak piblik la, 6 me kap vini la, pou yon lòt espektak.

Comments are closed.