Joel Kawly, yon gro patron biznis fouke nan vil Jakmèl sou akizasyon posesyon zam ilegal

1,419

11-26-2022

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan Biwo Lit Kont Trafik Dròg (BLTS) efektye gro pèkizisyon yèswa vandredi 25 novanm 2022 a nan plizyè rezidans Joel Kawly, gro patron biznis toupisan nan Jakmel.

Lapolis te kreye gro panik ak tranble janm e bloke sikilasyon nan plizyè katye nan vil Jakmèl. Aprè gro fouy lanvè landwat, 2 fizi gro kalib arive sezi e fòs lòd yo prosede ak arestasyon li e kondwi tèt dwat nan DCPJ.

Pou anpil moun, se yon gro baron tout kalite, ki ta sanble antòtye nan yon zafè livrezon dròg nan komin Marigo, Jakmèl. Enfòmasyon yo fè konnen ke prosesis pèkizisyon an te plis fokis sou kachèt dròg nan diferan rezidans annafè a.

Joel Kawly, ki genyen bonjan rapò ak plizyè gro bawon PHTK, trouve li koulya dèyè 4 miray ap reponn kesyon dekilakyèl yo.

Comments are closed.