Jean-Baptiste David denonse konplo entènasyonal la epi plede anfavè yon revolisyon brital pou peyi Dayiti.

1,208

Mèt Jean Baptiste David, sitwayen angaje, orijinè Nòdwès peyi Dayiti, fè konnen, eleksyon sou eleksyon pap ka rezoud pwoblèm peyi a, se yon chanbademan total kapital.

04-05-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Peyia a pa gen pwoblèm Konstitisyon, men pwoblèm dirijan. Nou pap janm sispann di egalman ke, pwoblèm nou yo pa kapab rezoud atravè eleksyon men atravè yon revolisyon brital. Se deklarasyon orijinè Nòdwès la.

Li kontinye pou l di, tout moun ki lakòz mizè peyi a, tankou: ansyen prezidan gang, minis gang, palmantè gang, boujwa gang, dwe mouri. Pèp la dwe mache pran tout konplotè ki mete ak kriminèl etranjé pou eliminé egzistans nou, menm jan yo te ekstèmine endyen yo.

Sèl bagay ki rete pou blan kriminel yo fè nou atravè kriminel PHTK yo ak SDP, se lage bonm nan katye popilè yo paske sa kap pase la pa piti. Manifestasyon pasifik pa kapab sove nou anba gwo konplo sa a nou gen sou do nou an; yon konplo ki mete nou nan yon kondisyon ki pi mal ke esklavaj.

Nan sans sa, nou dwe swiv egzanp papa Dessalines ak Cappoix Lamort. Fòk nou montre nou san pitié pou asasen yo, kriminèl yo, gang kravat yo, menm jan yo pa gen pitye pou nou.

Se twòp at! Nou boukeeeee! Annou rele Lespri Dessalines ak Cappoix vin ede nou. Nou fout bouke Tonè!

Comments are closed.