Ensidan nan Lagonav: Yon minn sab sot tonbe epi touye 4 moun sou plas.

833

05-24-2023

Lagonav, Ayiti ___(TRiboLAND) 4 moun mouri nan yon minn sab nan lokalite Lavo, Lagonav jounen mèkredi 24 me 2023 a.

Selon premyè eleman enfòmasyon yo, se 9 moun ki te nan twou ap boske sab lè yon kouch kase sot tonbe sou moun yo, lakòz 4 moun mouri sou plas epi lòt yo gentan chape poul yo.

Nap few konnen, Rigaud Charlestin, Royaume Fanfant, Toussaint Elou ak Ragener Jean, se non 4 viktim minn sab yo.

Comments are closed.