“Alliance Française” Pòdpè gen yon nouvo komite nan tèt li pou li relouvri pòt li.

817

04-02-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon nouvo komite pran rèy “Alliance Française” Pòdpè a. Fèmen depi plis pase 5 lane sou Administrasyon Lesly Gélin an sou akizasyon koripsyon; konsa, jèn Pòdpè yo te vin pèdi divès pwatik nan kad travay enstitisyon sila te konn fè. Pou redore blazon “Alliance Française”, yon nouvo komite pran rèy li; antite sila gen nan tèt li: Me Andalasse Mertilus, Prezidan; Dr Rony Pierre, Vis Prezisan; Dr Agabus Joseph; Dinès Policarpe, Trezorye; Mimose Guilbaud, Sekretè.

Daprè stati “Alliance Française”, se sèl moun sa yo ki ka deside sou lokal enstitisyon an. Si Alliance lan te gen yon dèt, se yo kap peye-l tou. Tout rès moun yo se anplwaye ki te gen yon reminerasyon, alòske manm konsèy yo se benevola yap fè.

Yon inisyativ kap fè plezi anpil ak jèn Pòdpè, ki avèk absans “Alliance Française” ki te pèdi divès kilti, tankou: li, fè poweze, teyàt e latriye.


Comments are closed.