Spirit Airlines konte repran vòl aeryen Etazini – Okap Ayisyen yo avan lontan

326

10\03\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt tou limen ke yo mete deyò, responsab Spirit Airlines yo anonse retou yo sou wout aeryèn ki relye Etazini ak Kap Ayisyen apati 2 desanm 2020 kap vini la.

Aprè plizyè mwa sispansyon vòl li nan Okap pou rezon Kovid-19, konpayi SA konte repran aktivite pawezaj yo nan depatman Nò a. Konsa, yo pral genyen 3 vòl chak semen: dimanch, madi e jedi e kap genyen egalman lyezon nan plizyè diferan gro vil nan peyi Etazini. Yon nouvèl ki pral non sèlman soulaje mizè rere voyajè kapwa yo, men tou ki pral konstitye yon bon zèl kat pou ranfòseman aktivite vizitè yo nan depatman Nò peyi a, daprè direktris Ministè Touris ak Endistri Kreyativ rejyon Nò a, madanm Marie Lourdes Trott.

“Se avèk anpil kontantman pou nou ofri envite nou yo plis opsyon. Mennen kliyan nou yo lakay yo dirèk (Okap Ayisyen) san tranzite Pòtoprens, se yon mèyè kado pou kliyan yo nan sezon fèt la”, daprè Doris Graham, Manajè SA pou Okap ak Pòtoprens.

Comments are closed.