Akayè Dràm: Yon fanm touye mari li anba 7 kout kouto ak konplisite pwòp pitit li.

245
0
Share:
TRiboLAND

03-24-2023

Akayè, Ayiti ____(TRiboLAND) Emanuel Dorvil se non yon sitwayen ki pèdi lavi l aprè li fin resevwa 7 kout kouto nan men madam li pandan sware 23 mas 2023 a.

Selon pitit fi Emanuel Dorvil, manman l ak papa l te toujou konn nan gwo eskonbrit kase pari antre yo plizyè fwa. Pou sware 23 mas la, yon pitit gason viktim nan te kenbe li epi mare l anba kòd; konsa, sa ki ta lakòz nan moman an madanm nan ta rive touye mari a avèk 7 kout kouto.

Aprè yon parèy dràm, Madanm Emanuel Dorvil ki se kriminèl pran wout mawon pou li.

Share:

Leave a reply