PÒDPÈ: Sitinn sou Plas Katedràl Imakile Konsepsyon pou mande demisyon prezidan Jovenel Moise

190
0
Share:
TRiboLAND

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Manifestasyon ki te prevwa òganize atravè peyi-a jounen Dimanch 9 Jwen 2019 la , pou egzije depa Chèf Leta a, Msye Jovenel Moise ki gen non-l site nan 2e rapò Kou Siperyè dè Kont met deyò sou dosye  Fon PetwoKaribe a,  twansfòme an sitinn jounen jodi-a nan vil Pòdepè.

Plizyè Pati Politik nan opozisyon branch Nódwès la pami yo : Fanmiy Lavalas, PONT, Fizyon Sosyodemokrat, Pitit Desalinn, Rasinn Kan Pèp la, ansanm ak lòt òganizasyon de baz yo ki  pwòch opozisyon an tankou: Tèt Kole Tipeyizan Ayizyen, AJ3L (Asosiyasyon Jèn Pou Liberasyon) Lakou Kay, MPNKP, VISDNO, KOPBB (Kowódinasyon peyizan Basen Ble) pou n site sa yo sèlman, nan plas manif lan, òganize yon sitinn devan Plas Katedràl Pòdepè-a, jounen Dimanch 9 Jwen sa-a. 

Òganizatè sitinn nan, akonpanye plizyè manm pati Politik nan opozisyon an, apwè yon seremoni devan Katedràl Pòdepè-a, te fè wonn plas la 7 fwa pandan yo tap chante pawól piman bouk kont Prezidan Repiblik la, Msye  Jovenel  Moïse .

Kowódonatè Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen-an ki se youn nan òganizatè sitinn nan, Pierre  Joseph, sou aplodisman mann pati opozisyon-an, tap mande  demisyon san kondisyon  Msye Jovenel  Moise, e egzije-l pou-l remèt tèt li bay Lajistis pwiske non-l enplike nan 2e rapò Kou Siperyè dè Kont lan kòm eskanmòtè ki dechèpiye Lajan PetwoKaribe a.

An sinn pwotestasyon, plizyè òganizasyon politik  òganize yon sitinn devan Katedràl Pòdepè-a yon fason pou reklame jodi Dimanch 9, 2019 demisyon Jovenel Moise.-TRiboLAND

Responsab Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen nan Nodwès,  Pierre Joseph, rapouswib pou di: tout moun ke non yo site nan dosye PetwoKaribe a, dwe parèt devan Lajistis. Fòk gen egzanp ki rive trase sou Tè Papa Desalinn nan; sa ta vle di, pini tout vòlò, tout kòriptè menm jan sa fèt nan lòt peyi. 

Yon lòt bò, jounen 9 Jwen 2019 la tou, te kreye yon van panik nan kèk katye nan vil Pòdepè. Nan Lakoup, Wout 3 Rivyè ak Lòtbòpon te gen gwo tansyon avèk kawoutchou ki tap boule, zam tap chante e san konte wòch ki tap voye tribò e babò. Konsa, biznis Madàm Elmencia Louis, ki nan zònn PON Senlui, vil  Pòdepé te resevwa anpil zòbòy, selon pwopriyetè biznis sila.  

Pati politik opozisyon branch Nodwès, ak ansanm òganizasyon de baz yo nan Depatman an denonse yon plan bò kote Chèf Pakè Pòdepé-a, Me Jean Volney Bellamin ki vize pou ta arete kèk pami yo. Konsa, yo twouve sa ale twò lwen kòm kwa yo pa ta dwe ap revandike dwa yo e denonse tout moun ki soti pou devalorize yo kòm moun. Yo rete kwè ke yo pa merite lanmò pou si tout fwa yo pa renmen fason Msye Moise maltrete peyi-a!

Wiskis Saint Jean

Share:

Leave a reply