“Rezolisyon geto an fanmiy ak alye”, nan komin Lenbe, voye yon mizangad bay Antreprenè yo.

897

04-08-2023

Bandi yo nan komin Lenbe pwomèt yap takse tout moun ki gen biznis nan zòn sila, paske dapwè yo chomaj la egzajere.

Lenbe, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon avi ki pote non “Rezolisyon geto an fanmiy ak alye”, kap opere nan komin Lenbe, bandi yo mande ak tout antreprenè ki gen ti biznis oubyen gwo biznis kap fonksyone nan bouk la, gen obligasyon pou vèse 25.000 G ak baz la, nan yon dat limit jounen vandredi 07 avril 2023 a, sinon yap itilize yon lòt plan.

Bandi yo nan lèt sila fè konnen, Leta ayisyen pa kreye oken travay pou jenès la, sèlman ba yo zam pou detwi pwòp frè ak sè yo, aprè pou Lapolis manje yo epi pibliye yo sou tout rezo sosyal yo.

Poze kesyon pou konnen, ki kote antreprenè yo depoze taks yo? Lè yo soulinye Mèri zòn nan ki pap fonksyone, yon lòt eleman ki soulve plim sou do bandi yo pou yo rekipere tout taks sila yo.

Antouka, pou bandi yo, yo pa nan 2-3 mo ak biznismann sa yo. Si yon biznismann pa deside rantre nan lojik peye bandi yo taks pou fonksyone nan Lenbe, tout antrepriz yo pral fèmen e menm rive sibi divès lòt atak.

Malè avèti pa tiye kokobe! Chemen bouton se chemen maleng!

Comments are closed.