Òganizasyon fanm Oze nan komin Leyogan lanse yon pwojè pou fasilite medam yo ki nan Prizon Sivil Tigwav la aprann yon metye.

929

03-20-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Òganizasyon Fanm Oze kap evolye nan komin Leyogan, lanse yon pwojè (metyem se pam) nan tèt kole ak pakè jiridiksyon an, nan sal dodyans tribinal sivil premye enstans lan, jounen lendi 20 mas 2023 a. nan menm okazyon an, òganizasyon an profite reyalize yon seyans fòmasyon pou yon ventènn fanm nan Prizon Sivil  Tigwav la.

Kèk responsab nan òganizasyon Fanm Oze, tankou Elwide Romain prezidant, Marie Michel Durandis vis prezidant ak Clerma Marie Michel, ki te entèveni nan okazyon an, deklare yo vin enplemante pwojè Oze an nan tèt kole avèk komisè pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt PIERRE Elioth Paul.

Nan lide pou fasilite medam ki nan Prizon Sivil la, aprann yon metye yon fason lè yo soti anndan an, yo kap kapab ede yo fè lajan pou yo pran swen tèt yo ak fanmi yo.

Savon likid, mistolin se kèk pami gam pwodwi Òganizasyon Fanm Oze reyalize ak medam yo. Responsab yo nan estrikti a, esplike ke yo deja travay ak fanm postitye yo nan program nan. Yo deklare ke yo pa genyen èd, se ak pwòp fon pa yo, yo arive kolekte ansanm ki finansye pwojè a.

Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la, Pierre Elioth Paul ki se youn nan initiatyatè pwojè a, sou bò pa li, felisite Òganizasyon Fanm Oze, li di malgre tout kontrent yo genyen, yo dakò pou enplimante pwogram Oze an pou pèmèt medam ki nan Prizon Sivil Tigwav la, aprann yon metye aprè yo fin kite prizon an pou pran swen tèt yo ak pwòch yo.

Nap siyale, aprè yon parèy seyans fòmasyon, dirijan yo te distribiye plizyè kit ijyenik bay medam yo.

Comments are closed.