Petyonvil: Popilasyon Nan Rak, filange yon prezime bandi e pwosede ak arestasyon yon lòt.

111
0
Share:
TRiboLAND

03-19-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon yon lokalite ki rele Nan Rak ou Bwa monkèt nan komin Peyonvil, pase alenfinitif yon bandi jodi dimanch 19 mas 2023 a, ki te genyen yon gro zam dezagreman nan men li.

Enfo yo fè eta de 2 bandi sangwen ke pèp souvren fouke. Youn nan malfrachyen yo tonbe anba kolè popilasyon an ki pa genyen manch long; e lòt la te jwen lavi e se group brigad vijilans zòn nan ki fè li konfese e denonse baz ak lòt bandi reselè nan asosyasyon malfektè a.

Konsa, si zak malfrachyen yo ap miltipliye atravè diferan lokalite; sitwayen yo pa sispan moute lagad ou mete sou pye brigad nan diferan katye nan tann pèlen taktik tout kalite pou etènn souf gang sangwen yo nan diferan lokalite nan Petyonvil.

Share:

Leave a reply